Tè ke nou pa jwenn fasil nan Karayib lan ke yo jwenn Pedernales
Eske tè rare yo egziste tout bon vre? Kisa yon tè ki rare ye? Se yon sijè ke nou pa tande pale de li chak jou. Dèfwa, pou anpil moun, egzistans tè rare yo parèt yon mit, men depi lontan li se yon reyalite, se poutèt sa li enpòtan pou nou bay kesyon tè rare lan tout sans li e nou dwe menm debat sijè enplikasyon tè rare lan genyen Repiblik Dominikèn ak Ayiti.
Tè ke nou pa jwenn fasil nan Karayib lan ke yo jwenn nan Pedernales
Eske tè rare yo egziste tout bon vre? Kisa yon tè ki rare ye? Se yon sijè ke nou pa tande pale de li chak jou. Dèfwa, pou anpil moun, egzistans tè rare yo parèt yon mit, men depi lontan li se yon reyalite, se poutèt sa li enpòtan pou nou bay kesyon tè rare lan tout sans li e nou dwe menm debat sijè enplikasyon tè rare lan genyen pou Repiblik Dominikèn avèk Ayiti.
Daprè devlopè lojisyèl panyòl, Miguel Valera, anba non “tè rare” sa a, genyen yon gwoup eleman chimik ke nou jwenn nan anvironman natirèl nan antouraj nou ki genyen anpil propriyite ke youn pataje ak lòt. Sa vle di ou kapab jwenn menm propriyete yo nan plizyè eleman chimik. Menmsi, anpil eleman genyen propriyete ki fasil pou jwenn nan tè an e ki sanble youn ak lòt, sa pa vle di ke ou kapab jwenn eleman chimik sa yo nenpòt kote. Ebyen se sa ki fè nou ap pale de tè ki rare yo.
Nan istwa chimi, yo te konn rele oksid yo tè, ebyen se la menm gwoup non eleman sa yo sòti. An plis, nou kapab di ke se pa tout eleman ki rare sou tè a tout bon vre. Genyen anpil eleman chimik, tankou Seriyòm, ki la pa pakèt menmjan ak eleman chimik ke yo rele kwiv lan.
Men, yo konsidere 17 eleman nan tablo peryodik la kòm tè rare: Lantan (La), Seriyòm (Ce), Praseodymyòm (Pr), Neodymyòm (Nd), Prometiyòm (Pm), Samaryòm (Sm), Ewopeiyòm (Eu), Gadolinyòm (Gd), Terbiyòm (Tb), Disprosyòm (Dy), Holmiòm (Ho), Erbiyòm (Er), Tilyòm (Tm), Itebyòm (Yb), Luteksyòm (Lu), Eskandiyòm (Sc), ak Itriyòm (Y).
Eleman chimik sa yo esansyèl pou fabrike batri machin elektrik, tibin van ak aparèy elektwonik. Demann pou mineral sa yo atravè lemond, de jou an jou, vin pi enpòtan. Ebyen, demann pou resous sa yo leve enterè pou jwenn nouvo rezèv. Pedernales ki se yon pwovens nan peyi Repiblik Dominikèn, vin tounen yon pwen kle nan karayib lan ki favorize ekstraksyon eleman sa yo nan Karayib lan paske li genyen gizman ki genyen resous natirèl ki genyen eleman chimik sa yo.
Daprè yon etid ke Dr. Joaquín A. Proenza nan Inivèsite Barcelona te mennen, eleman sa yo konsantre nan depo bauxit karystik ki nan Sierra de Bahoruco, nan sidwès peyi a, espesyalman nan inite litostratigrafik Aceitillar ak Pedernales, ki la depi nan tan Eosèn-Oligosèn.
Pandan ke enterè pou resous sa yo kòmanse ogmante depi 2018, lè Prezidan Danilo Medina te mete sou pye dekrè 430-18, kote li te deklare Rezèv Fiskal Minyè, Ávila, pou “eksplorasyon ak evalyasyon posib rezèv tè rare, ke leta pral devlope dirèkteman oswa atravè kontra espesyal.” Sa pa genyen anpil tan, Sèvis Jeolojik Nasyonal la ak Ministè Enèji ak Min yo te detekte 114 depo tè rare nan Ávila, zòn Pedernales ki se sant eksplorasyon materyèl sa a. Sa ki fè peyi a pozisyone tèt li nan mitan 10 pwodiktè prensipal tè rare ki genyen nan mond lan.
Li enpòtan pou konnen ke daprè etid ke U.S. School of Enginers reyalize sou teritwa domiken an, genyen 100 milyon tòn tè rare ke yo dekouvri. Bèl dekouvèt sa a reprezante yon bèl opòtinite biznis pou peyi a ak tout patnè komèsyal Repiblik Dominken yo. Pandan vizit Sekretè Deta Ameriken an, Marco Rubio nan Palè Nasyonal la nan Repiblik Dominiken, li te profite deklare ke "li prefere" ke tè rare yo tonbe nan men yon peyi tankou Etazini olye yo tonbe nan men yon peyi ki anba yon rejim kominis.
Gouvènman dominiken an ap bezwen anpil resous pou kontinye eksplore ak develope teritwa ki genyen tè rare yo, men li enpòtan tou pou nou analize ki enpak ke pwosesis sa a kapab genyen sou anviwonman an. An plis, nou ta swete ke devlopman nan eksplorasyon sa a dirab ak respekte anviwonman an.
Si nou gade byen sou yon plan estrateji mondyal, Tè Rare Domiken yo genyen anpil enpotans pou Etazini. Tè rare nou yo ap ede ameriken yo diminye depandans nan men Lachin paske Lachin kontwole pi fò nan pwodiksyon ak rafinaj mineral esansyèl sa yo pou fè semi-kondiktè, batri ak ekipman militè.
Daprè direktè jeneral Biwo Min ak Enèji (BME) Ayiti, Claude Prépetit, li pwobab ke ta genyen tè rare tou nan peyi d’Ayiti akoz pwoksimite ak Pedernales, men yo pa konnen ki kantite, e yo pa konnen ki kote tè rare plis konsantre sou teritwa a. Men, li enteresan tout pou nou konnen ke Ayiti pa envesti nan rechèch min depi ane 1993, epi an 2012 yo te sispann tout aktivite eksplorasyon metal, pandan ke Repiblik Dominikèn te kontinye avanse nan sektè sa a.
Leta Dominiken an planifye ke pou ane 2025 lan, aprè konvèsasyon ak Marco Rubio, yo pral kòmanse eksplwatasyon tè rare nan Pedernales, men li enpòtan pou fè sa nan yon fason dirab, paske gen risk pou andomaje anviwònman an ak ekskavasyon sa yo.
Pou nou ajoute, yo te poze kesyon sou televizyon CDN, konsiltan minè nan Pouvwa Egzekitif la, Miguel Peña, di ekstraksyon mineral sa yo ka afekte rivyè ki pi long sou zile a, ki se Rivyè Latibonit, epi li te reponn ke pwosesis la fèt ak yon "minaj selektif a syèl ouvè" ki gen avantaj pa li kise, aprè yo fin retire mineral yo, yo kapab sèvi avèk tè a pou rezon agrikòl.
Pratikman, yo kapab itilize yon pwosesis ki pap nwi anviwònman an, men sa ki enpòtan se pou siveye pwosesis sa a epi asire pa gen okenn entèvansyon ki ka afekte kalite dlo ke nou genyen.
Pou nou fini, nou dwe konnen ke li nesesè pou nou mete bon jan pwosesis sou pye pou siveye ak proteje kalite tè nou yo, resous natirèl ki nan tè an pou pa genyen gaspiyaj nan itilizasyon resous yo. Men sou plan diplomatik, li nesesè pou finalize akò ki enkli siveyans nan tou de pati zile an.
💬 Your opinion matters!
What do you think about this article?